Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Jan 3:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Pitit mwen yo, se pa pou nou renmen ak pawòl sèlman, men se pou nou montre nou renmen toutbon vre.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:18
18 Referans Kwoze  

Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.


Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm.


San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.


Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.


Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo,


Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.


SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la.


E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.


Ti moun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.


Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.


Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite