Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Nou pa bezwen sezi, frè m yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Frè m ak sè m, nou pa dwe sezi lè moun ki nan mond lan rayi nou.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:13
18 Referans Kwoze  

Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.


Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


“Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen.


“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.


“Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.


“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”


“Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.


Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’


“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.


Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?


Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa.


Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.


Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.


Zanj lan te di mwen: “Poukisa ou etone? Mwen va di ou mistè a fanm nan ak bèt ki pote li a, sila ki gen sèt tèt ak dis kòn yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite