Chemen Sion yo ap fè dèy; pèsòn pa rive nan fèt li yo. Tout pòtay li yo vin dezole. Prèt li yo ap plenn nan gòj, vyèj li yo vin aflije, e li menm, li vin anmè.
Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.
Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.
Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a.
Jérusalem sonje tout bagay presye li yo nan jou afliksyon li. Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo; lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a, e pat gen okenn ki pou ede l. Advèsè yo te wè l. Yo te giyonnen l akoz tristes li.
“Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.
SENYÈ a te di li: “Ale pase nan mitan vil la, menm nan mitan Jérusalem, mete yon mak sou fwon a mesye ki plenn nan gòj e ki fè soupi pou tout abominasyon k ap komèt nan mitan li yo.”