Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm; paske li kont pèp Mwen an, li kont tout prens Israël yo. Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an. Akoz sa, frape kwis ou.
Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo; rele anmwey! Woule kò nou nan sann, nou menm ki mèt a bann mouton yo; paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive, e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.
Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon, Égypte va ranmase yo. Moph va antere yo. Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo. Se bwa pikan k ap fè tant yo.
Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò.
Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.