Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:8

1998 Haïtienne

Senyè a di: — Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m fè yo santi jan m fache, jan m ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.

Gade chapit la Kopi

39 Referans Kwoze  

M'a sanble tout nasyon yo, M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa mwen yo. Paske, se yo ki te gaye moun Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo separe peyi a ant yo.


Jou Senyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.


Men, se Senyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m'ap tann Bondye k'ap vin pou delivre m lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m!


Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!


Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann.


Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.


Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, l'a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.


Ekri l paske se poko lè pou sa m pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l rive. Li gen pou l rive vre. Si li pran reta pou l rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.


Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.


Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.


Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.


Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Senyè a, l'a delivre ou.


Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Senyè a, Bondye nou an, jouk la gen pitye pou nou.


(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.


(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.


Mete konfyans ou nan Senyè a, fè tou sa l mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.


Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.


(6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Senyè a di: M'ap vini kounyeya. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.


Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: — Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè.


Senyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?


Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.


Men sa mwen fè lide fè pou latè. Mwen pral leve men m pou m pini tout nasyon yo.


Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.


Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.


Senyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.


Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite