Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:7

1998 Haïtienne

Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

25 Referans Kwoze  

Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, la pini yo pou tout peche yo fè.


Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.


Yo pat koute Senyè a. Yo pat pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pat mete konfyans yo nan Senyè a ankò, yo pat vin mande Bondye yo a konsèy ankò.


Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Senyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.


Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.


Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.


Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: — Men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou.


M pare zòrèy mwen pou m tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki sòti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.


Senyè a te di se pèp mwen yo ye, m sèten yo p'ap fè m wont. Se konsa, li delivre yo


Kisa pou m te fè pou jaden rezen an mwen pat fè? Mwen t'ap tann li ban m bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?


Lè sa a, Senyè a voye chèf lame wa asiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase. Yo pase kwòk nan kou li epi yo mare li ak de gwo chenn kwiv. Yo mennen li Babilòn.


Piga nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n'al fè okenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm,


Bondye gade latè, li wè l te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.


W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki sòti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye.


Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.


Senyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.


Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.


Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pèsonn pa rete.


Men zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite