Senyè a di: — Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo.
Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv kounyeya, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Senyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.
Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pat konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pèsonn ladan l. Yon bon peyi konsa, yo fè l tounen yon dezè.
Lè sa a, mwen di: — Senyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: — Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Mwen mande ki moun ki gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Senyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pèsonn ladan l ankò.
Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.