Men Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.
Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis.
Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante
Senyè a, Bondye nou an, ap pwomennen nan tout kan an pou l pwoteje nou, pou l lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Senyè a pa wè anyen ladan l ki pou ba l kè tounen epi ki pou ta fè l vire do ban nou.
Si lè n'ap lapriyè, nou rele Bondye: Pap, li menm ki pa nan achte figi moun, men k'ap jije tout moun dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete nou sou tè a.
Senyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.
Se poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.
Poukisa w'ap fè m' wè tout mechanste sa yo? Kijan ou ka fè rete ap gade tout lenjistis sa yo konsa! Se piyay ak mechanste ase ki devan je m'! Toupatou se goumen, se kont.
Se pou nou sipòte kòlè Senyè a paske nou fè peche kont Senyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.
Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!
Nou menm ki sòti nan branch fanmi wa David la, men sa Senyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.
Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa.
Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Senyè a moutre mwen jan pou m'pale, Li moutre mwen jan pou m'ankouraje moun ki pa kapab ankò yo. Maten apre maten, li fè mwen atantif, pou m'ka tande sa l'ap moutre mwen, pou m'ka konnen sa yon bon disip dwe fè.
Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pat mwen menm, Senyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.
Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
Men, n'a di n'a kè nou: Jan Senyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?
Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.
Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l aklè devan nou.