Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:4

1998 Haïtienne

Pwofèt yo pa serye. Pèsonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.

Gade chapit la Kopi

33 Referans Kwoze  

Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m menm.


Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo.


Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.


Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke pèp la menm, se pwofèt yo, yo menm ki chanpyon nan bay manti!


Yo fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.


Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.


Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.


— Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.


Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.


Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Senyè a ki pale.


Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.


Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.


Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk voryen ak kèk vakabon pou mache avè l.


Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou.


Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.


Senyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou kounyeya, nou menm prèt yo ki pa respekte l. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l respekte papa l. Yon domestik fèt pou l gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouray pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?


Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Senyè ki gen tout pouvwa a yo ye.


Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.


Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite