Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:3

1998 Haïtienne

Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki sòti apre solèy kouche. Yo sitèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten.

Gade chapit la Kopi

15 Referans Kwoze  

Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo sòti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.


Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatya li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!


Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.


Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l. Se Senyè a menm ki di sa.


Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan anba. Yo pa defann kòz ti òfelen san papa yo. Lè yon vèv ale lajistis, yo fè lasoudorèy pou pa tande kòz li.


Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.


Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l ale. Pa gen moun ki pou rache l sòti nan bouch yo!


Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou.


Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?


Senyè a di ankò: — Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite