Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:20

1998 Haïtienne

Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi

32 Referans Kwoze  

Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


m'ap fè yo chonje l nan Tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l.


Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.


M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.


Senyè a di ankò: — Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.


M'ap chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.


Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pèsonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.


Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.


Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Kounyeya, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè.


Lèfini, w'a di yo: Men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo sòti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.


Senyè sèl Mèt la di ankò: — Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m lan.


Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m, konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Senyè a menm ki di sa.


Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Senyè a, mwen beni.


Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.


Se poutèt sa, ba yo mesay sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo sòti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la.


Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.


Senyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa: — M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò.


Se pou yo kenbe l kout jouk la fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li.


Men sa Senyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.


Jòdi a tou, Senyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa la mande nou fè.


L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te di l la.


Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò.


Tout moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y'ap fè lwanj pou mwen an, y'a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


M'ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè.


M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.


Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.


Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.


Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Senyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.


Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouray!





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite