Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:19

1998 Haïtienne

Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.

Gade chapit la Kopi

38 Referans Kwoze  

Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Senyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou kounyeya. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.


Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!


Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Senyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye. Y'a meprize yo tankou chen.


M'ap chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.


Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete.


Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.


Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri.


Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.


Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san okenn danje ni malè, san pèsonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pat kenbe pawòl yo avè m pou y'al fè sa ki mal.


Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo.


Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.


Se pou yo kenbe l kout jouk la fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li.


Senyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.


Wi, se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.


Se konsa, mwen lonje men m sou ou pou m pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pat ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo.


Men se anvan yo te fin dekouvri mechanste ou yo. Koulyeya, se ou menm, moun Aram yo, moun Filisti yo ansanm ak lòt moun nan vwazinaj ki pa vle wè ou yo pral pase nan betiz.


Tout moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y'ap fè lwanj pou mwen an, y'a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Wi, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap sòti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l: Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.


L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te di l la.


Lè sa a, Adonibezèk di: — Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m sa m te fè yo a. Yo mennen mesye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.


Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pèsonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pèsonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!


Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite