Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pèsonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren.
Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Senyè a menm ki di sa.
Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.
M'ap fè yo sòti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.
Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pèsonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l.
M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.
Li di l konsa: — Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.