Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:17

1998 Haïtienne

Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante

Gade chapit la Kopi

30 Referans Kwoze  

Senyè a pran plezi l nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.


Moun ki fè kè l kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.


M'a pran plezi pou m fè yo byen. M'a travay ak tout kè m ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.


Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.


Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!


Senyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Senyè a va pran plezi ankò pou l fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo.


Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!


Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.


Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!


Si Senyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.


Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.


Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pat ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li kounyeya.


Men Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.


Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou li te kite tè sa a pou li al jwenn Papa a. Li pa te manke renmen moun pa li yo ki nan lemonn lan. Li te renmen yo nètale.


Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!


Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.


Senyè a di m konsa: M'ap rete rete m kote m ye nan syèl la, m'ap gade anba san m pa fè okenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.


Lè Abram rive sou katrevendisnevan laj, Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m di ou fè. Se pou ou mennen yon lavi san repwòch.


Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te sizyèm jou a.


Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Senyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.


Kote Bondye ki te kanpe aladwat Moyiz pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka chonje sa li te fè a?


Sou sis jou, Bondye te fin fè tou sa l t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.


Senyè a di ankò: — M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.


Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Senyè a fè anpil pou nou!


Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gendwa renmèt li bay mèt li.


Se lè sa a Senyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite