Men sa Senyè ki te kreye nou an, Senyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: — Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bòn nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bòn nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!
Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l.
Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Senyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.
Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouray!