Sofoni 3:151998 HaïtienneSenyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò! Gade chapit la |
Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan syèl la ki t'ap di: — Kounyeya, Bondye pral vin delivre nou. Kounyeya Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Kounyeya, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l deyò nan syèl la.