Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 3:14

1998 Haïtienne

Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!

Gade chapit la Kopi

34 Referans Kwoze  

Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.


Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l veye bann mouton l yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.


Jerizalèm, ou menm ki pat kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pat janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pat okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l pat janm kite l la. Se Senyè a menm ki di sa.


Moun Senyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an ak chante nan bouch yo, ak kontantman sou figi yo. Y'ap gen yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn ankò, p'ap gen plenyen ankò. Se va fèt, se va kè kontan pou tout tan.


Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bòn nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bòn nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!


Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Senyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.


Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele: — Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!


Oo! Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an pou l vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Senyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.


Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Senyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.


vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan Tanp Senyè a. Y'a di: Lwanj pou Senyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l te ye anvan an. Se Senyè a ki di sa.


Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouray. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.


Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.


Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Senyè!


Men pawòl Senyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.


Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou! Se Bondye nou an menm ki di sa.


Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.


Senyè a va fè tipiti yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.


Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Senyè a bay pèp li a kouray ankò, li delivre lavil Jerizalèm.


Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Senyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loray ak lapli nan sezon prentan, jan l te konn fè l anvan an.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite