Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.
Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.
Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Senyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.
Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pèsonn pa chase yo met deyò.
Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon an, mòn ki apa pou mwen an. Jerizalèm va yon vil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran li ankò.
Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san okenn danje ni malè, san pèsonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pat kenbe pawòl yo avè m pou y'al fè sa ki mal.
Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Nou pa bezwen pè, nou mim pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pèsonn pa chache nou kont ankò.
Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pye yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.
Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a.
Senyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l yo. Kounyeya, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y'al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l nan tan lontan an!
Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l: Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Okenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe yon pye kajou ak yon pye bwachenn, chouk la ase ki va rete. Men chouk sa a va pouse boujon. Pèp Bondye a va kanpe ankò.
Men Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.
Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Senyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Senyè a.
Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.