Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Senyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.
Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa nèt. Se pou nou met konfyans nou nan Senyè a.
Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo.
Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.
Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bòn Nouvèl la.
Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m. Yo vin konprann sa m te fè a. Yo rekonèt se yon mesay Senyè a t'ap ba yo.
Senyè a va tounen yon gadò pou pòv malere ki nan peyi a. L'a fè yo manje, l'a ba yo kote pou yo rete san yo pa bezwen pè okenn danje. Men, m'ap voye yon sèl grangou sou ras moun Filisti yo, yo yonn p'ap chape.
Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m pou m swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.
Men kounyeya, depi kèk jou, Senyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouray ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.
Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe yon pye kajou ak yon pye bwachenn, chouk la ase ki va rete. Men chouk sa a va pouse boujon. Pèp Bondye a va kanpe ankò.
Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fontyè nou yo.