Sofoni 3:111998 HaïtienneJou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m sou mòn ki apa pou mwen an. Gade chapit la |
Senyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè.
pou m di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.