Sofoni 3:11998 HaïtienneMadichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo. Gade chapit la |
Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.