Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:9

1998 Haïtienne

Se poutèt sa, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Mowab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon min sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m yo va pran peyi a pou yo.

Gade chapit la Kopi

27 Referans Kwoze  

Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Mowab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.


Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, okenn plant p'ap ka pran ladan l. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Senyè a te detwi nèt lè l te ankòlè a, lè l te move anpil la.


Senyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Mowab yo anba pye l, menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.


Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo. Pèsonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Senyè a wi ki di sa.


Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Mowab la: — Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l ratè!


Senyè a di: - Voye je nou toupatou, gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap rasanble, y'ap vin jwenn nou. Mwen sèmante sou vi m': Nou pral kontan wè yo lakay nou, Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li. Se Senyè a menm ki di sa.


Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.


Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.


Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay. Koukou ak zagoudi pral fè nich nan mitan demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaw va rele nan papòt kay yo. Moun rache tout bwa sèd nan chapant kay yo.


Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.


Senyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.


Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pèsonn p'ap rete la. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.


Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,


Men sa Senyè a di sou moun peyi Amon yo: — Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?


M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pèsonn p'ap rete ladan l ankò. Okenn moun p'ap viv la.


Senyè a di konsa: Moun lavil Mowab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.


Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap sòti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Senyè a voye nan peyi a.


Se pou tout moun pe bouch yo devan Senyè a, paske l'ap sòti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite