Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:8

1998 Haïtienne

Senyè a di ankò! — Mwen te tande jan moun peyi Mowab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

Gade chapit la Kopi

19 Referans Kwoze  

Senyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.


Men sa Senyè a di sou moun peyi Amon yo: — Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?


Wi, men mesay mwen menm, Senyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou kounyeya!


Apre sa, Senyè a di Jozye konsa: — Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a.


Men sa Bondye di k'ap rive peyi Mowab: — Y'ap detwi lavil Ar-Mowab nan yon grenn nwit. Tout peyi Mowab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki-Mowab la! Apre sa, tout peyi a frèt!


Moun peyi Jida yo di: — Nou tande jan moun Mowab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estonmake, jan yo gen gwo tantasyon, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!


Senyè a di ankò: — Men sa Senyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l pa l la: Mwen pral rache yo sòti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.


Senyè, ou tande jan y'ap joure m. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m.


— Ras Adan! Bay mesaj la! Pale. Men sa Senyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa: Nepe a, nepe a pare pou touye! Li byen file pou depatcha. Li byen netwaye pou fè li fè zèklè.


Senyè a di konsa: Moun lavil Mowab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.


Se sa ki pral rive moun Mowab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Senyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.


Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l Mowab. Se li menm ki zansèt moun Mowab yo ki la jouk kounyeya.


Pi piti a tou fè yon pitit gason. Li rele l Bennami. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.


Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Mowab la: — Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l ratè!


Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:


Wi, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n ka devore yo.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite