Sofoni 2:71998 HaïtienneTi ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò. Gade chapit la |
Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinay lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Se poutèt sa, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Mowab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon min sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m yo va pran peyi a pou yo.