Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:6

1998 Haïtienne

Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje.

Gade chapit la Kopi

6 Referans Kwoze  

M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pèsonn pa chase yo met deyò.


Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.


Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pèsonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite