Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:5

1998 Haïtienne

Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Senyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.

Gade chapit la Kopi

14 Referans Kwoze  

Enben, men sa Senyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m sou moun Filisti yo pou m pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.


Men, ki jan pou li fè poze lè Senyè a ba li lòd travay? Li gen pou l ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l ale.


Nou menm pèp Izrayèl, tande mesay Senyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè sòti kite peyi Lejip la.


ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,


Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou Jezi paske yo te konprann byen se pou yo li te bay parabòl sa a. Men yo te pè reyaksyon foul la ka fè sou yo. Se pou sa yo kite li al fè wout li.


Men, sa m te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m yo, pou zansèt nou yo, eske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin regrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te sòti pou m fè l la.


Senyè a di: — Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo.


Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:


Senyè a va tounen yon gadò pou pòv malere ki nan peyi a. L'a fè yo manje, l'a ba yo kote pou yo rete san yo pa bezwen pè okenn danje. Men, m'ap voye yon sèl grangou sou ras moun Filisti yo, yo yonn p'ap chape.


Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas-Amat.


Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag.


— Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men nou pa bezwen kontan pou sa. Paske lè yon sèpan mouri, gen yon lòt pi mechan pase li k'ap pran plas la. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.


Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès.


Rete nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo,





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite