Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:4

1998 Haïtienne

P'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo.

Gade chapit la Kopi

9 Referans Kwoze  

tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,


Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fenk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M rete konsa m ba yo kè sere ak kè sote.


Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gentan ap kouche. Konmanse fènwa.


Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye mou gwo midi.


— Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men nou pa bezwen kontan pou sa. Paske lè yon sèpan mouri, gen yon lòt pi mechan pase li k'ap pran plas la. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite