Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:3

1998 Haïtienne

Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Senyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Senyè a va fè wè kòlè li.

Gade chapit la Kopi

44 Referans Kwoze  

(10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l delivre tout malere y'ap peze sou tè a.


(27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Senyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.


Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.


Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou, toujou chache rete devan li.


Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.


Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Senyè a ki di sa.


Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.


(2) Gen pitye pou mwen, Bondye! — Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.


Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.


Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!


Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a


Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.


Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.


Frè m yo, mwen te moutre nou ki jan pou n mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, kounyeya m'ap mande nou, nan non Senyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou.


Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.


(21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.


L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.


Se awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Senyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m ye.


Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.


Senyè a pran plezi l nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.


n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Senyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pat fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Senyè a.


Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwàn lan. Men, m'ap mande nou, frè m yo, pou nou chache viv pi byen toujou.


— Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.


David reponn yo: — Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Senyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri.


(5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouray ou ap fè ou genyen batay la.


Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo.


Yo pa moute lagad kote miray la kraze a, ni yo pa refè miray yo. Konsa moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Senyè a.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite