Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:15

1998 Haïtienne

Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.

Gade chapit la Kopi

27 Referans Kwoze  

— Ras Adan! Pale ak chèf peyi Tir la, di li men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon Bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.


Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou maleng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pat fè pase mizè.


Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch. Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri.


Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras.


Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!


Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Kounyeya, men li tounen esklav!


M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l.


Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.


Pale avè l. Di li men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba li. — Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l.


Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.


Bondye sèl Mèt la ankòlè, li voye fènwè kouvri lavil Jerizalèm. Tout sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze yo anba pye li. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye li a, li pa chonje li.


Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di:


Moun kontan wè jan li fini. Kote l pase, y'ap rele chalbari dèyè l.


Si m te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m ta ka pale jan nou pale a tou, m ta pase nou nan yon wonn tenten, m ta vide bèl diskou sou nou.


Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,


Kay wa a ap rete san pèsonn ladan l. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.


Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.


Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pèsonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.


Paske Senyè a pral move sou li. P'ap gen pèsonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l.


Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.


Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pèsonn. Yo pa pran lòd nan men pèsonn. Yo fè sa yo pi pito.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite