Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay. Koukou ak zagoudi pral fè nich nan mitan demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaw va rele nan papòt kay yo. Moun rache tout bwa sèd nan chapant kay yo.
Mwen fè yon vizyon, mwen wè Senyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: — Frape tèt poto Tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.
Madichon pou moun k'ap plede di: Mwen pral bati yon gwo kay etaj ak pyès byen laj. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bon bwa sèd wouj tire sou vèt.
Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Aa, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini! Koulyeya, se la denmon rete. Se la tout kalite movèzespri al sere kò yo. Se la tout kalite zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje, zwazo moun fèt pou rayi yo, se la yo rete.
M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekaj. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M p'ap kite anyen. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.