Se poutèt sa, Senyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Men sa Senyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fontyè nou yo.
Jou sa a, Senyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letyopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Senyè a di: — Madichon pou peyi Lasiri! Paske l'ap tankou yon baton nan men mwen pou m' pini pèp la. M'ap sèvi ak pouvwa ki nan men li an pou m' fè pèp la wè jan mwen ankòlè.
Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pèsonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l yo ankò.