Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 2:11

1998 Haïtienne

Senyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l, yo chak nan peyi pa yo.

Gade chapit la Kopi

36 Referans Kwoze  

Senyè a pale, li di ankò: — Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pèsonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.


Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri bon bagay pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Senyè a pou yo sèvi l. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m kote nou.


Mwen p'ap janm kite non zidòl Baal soti nan bouch li. Li p'ap janm lonmen non yo ankò.


Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Senyè, lè y'a vin konnen pawòl ki sòti nan bouch ou.


Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.


Apre sa, setyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan syèl la. Yo t'ap di: — Pouvwa pou gouvènen sou latè a, kounyeya se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.


Wi, mwen vle pou, nenpòt ki kote, lèzòm ka lapriyè Bondye san fè kòlè san fè diskisyon.


Wi, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap sòti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l: Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.


Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — Yon lè gen pou rive moun va sòti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.


Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m.


Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pèsonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l yo ankò.


Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?


Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m fèt, Senyè a chwazi m! Depi nan vant manman m, li rele m pou m sèvi l.


Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.


Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouray, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.


Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,


Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l beni yo menm jan li beni wa a.


Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lotèl yo? Se pou yo vin kounyeya, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!


Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pat fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: — Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.


Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l sou kous li. L'ap fè l sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.


Madichon pou moun k'ap twonpe m yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


Tout zidòl pral disparèt nèt ale.


Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè ak lajan, ak lò pou adore yo, y'a voye yo jete bay rat ak chòchòt.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite