Se sa ki pral rive moun Mowab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Senyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.
Moun peyi Jida yo di: — Nou tande jan moun Mowab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estonmake, jan yo gen gwo tantasyon, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!
Moun Mowab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lòyèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.
Senyè a di ankò! — Mwen te tande jan moun peyi Mowab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a!
Kounyeya, mwen menm Nebikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pèsonn. Li konn jan pou l fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l: — Men sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l ka fè yon sèvis pou mwen.
Malpwòpte te sou tout rad li, men li pat fè lide kote sa t'ap mennen l. Li tonbe plat atè. Pèsonn pa vin konsole li. Bondye papa m', gade nan ki mizè mwen ye non! Lènmi m yo mete pye sou kou mwen.
Senyè a di ankò: — Men sa Senyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l pa l la: Mwen pral rache yo sòti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.
Nou te rete kanpe la ap gade Lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès nou yo. Nou pa te pi bon pase etranje ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la tou.