M'ap pini tout moun k'ap fè sèvis tankou lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m'ap pini tout moun k'ap vòlò, k'ap fè gwo ponyèt sou moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo vòlè.
Se poutèt sa, jouk kounyeya, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li.
Gouvènè ki te la anvan m yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pat fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Nan maten, nonm lan leve, li louvri pòt pou li soti. Li fè sa pou li ale fè wout li. Li wè madanm lan blayi atè devan kay la ak de men li lonje devan papòt la.