Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 1:8

1998 Haïtienne

Jou gwo sèvis ofrann bèt sa a, m'ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k'ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi

15 Referans Kwoze  

Jou sa a, Senyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè.


Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.


Men sa Senyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.


Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l konsa: — Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn.


Fanm pa gendwa mete rad gason sou yo. Gason pa gendwa mete rad fanm sou yo. Senyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.


Bondye, Ou lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo! Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, moun k'ap li zetwal. Peyi a tounen tankou peyi Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.


Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite