Paske pèp mwen an fè yon doub peche: Yon bò, yo vire do ban mwen, mwen menm ki bon sous dlo fre a. Yon lòt bò, y'al fè rezèvwa pou dlo, epi yon rezèvwa koule, li pa menm ka kenbe tak dlo.
Malè pou peyi nou an kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans li! Malè pou ras sa a k'ap fè sa ki mal! Malè pou bann moun sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye, Senyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.
Se nou menm ki voye m jete. Se Senyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m sou nou pou m detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou.
Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Senyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.
Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l mouri. Si ou pa avèti l, l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.
Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.
— Mwen regrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pat kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Senyè a.
Yo gen yon chalè k'ap sòti sou yo, cho tankou yon fou byen chofe. Yo devore moun k'ap gouvènen yo. Wa yo tonbe yonn apre lòt. Pa gen yon moun ki rele m mande sekou.
Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
Se awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Senyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m ye.
Si nou vire do bay Bondye, si n'al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre sòti avèk yo,
Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo.