Sofoni 1:41998 HaïtienneMwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pèsonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l yo ankò. Gade chapit la |
Li fè demoli devan je li tout lotèl pou fè sèvis Baal yo. Li fè kraze tout recho kote yo boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze fè miyèt moso moniman Achera ak estati tout lòt zidòl yo epi tout estati bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud. Yo simaye poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.