Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 1:2

1998 Haïtienne

Senyè a di konsa: — Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.

Gade chapit la Kopi

13 Referans Kwoze  

Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.


Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Senyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l vini pou l kraze peyi a, pou l touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l.


M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l, y'ap mete dife ladan l. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Lè sa a, mwen di: — Senyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: — Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.


Se konsa, sa Senyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l, li pral pran repo pou tout jou repo yo pat janm ba li a.


Senyè a di: — Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tou tout bèt kat pat, tout bèt k'ap mache sou vant ak tout zwazo. Paske mwen regrèt anpil deske mwen te fè yo.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.


Lame peyi Siri a pat anpil, men Senyè a te kite l kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l te fè a.


Senyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite