Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 1:16

1998 Haïtienne

Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y'al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.

Gade chapit la Kopi

17 Referans Kwoze  

Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Senyè a ki lakòz?


Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.


Kay wa a ap rete san pèsonn ladan l. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.


Lè li kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, kè moun tout nasyon kase. Mòn ki la depi lontan yo vide fè miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan li.


Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou.


Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.


Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou sòti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt-Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap sòti nan nò pandye sou tèt nou.


N'ap tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo.


Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.


Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Senyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.


Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.


Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l.


Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite