Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 1:13

1998 Haïtienne

Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gentan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gentan pran fre diven an.

Gade chapit la Kopi

24 Referans Kwoze  

Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki sòti nan bèl jaden nou te plante yo.


N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gentan sèvi avè l. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gentan goute ladan l.


N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l.


M'ap lage tout richès yo nan men moun lòt nasyon k'ap piye yo. Yon bann sanzave ap vòlò tout richès yo, y'ap trennen yo nan labou.


Senyè a di m ankò: — M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.


Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. — Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo.


N'a plante jaden rezen, n'a okipe yo byen. Men, nou p'ap jwenn rezen ni pou nou rekòlte, ni pou fè diven pou nou bwè, paske vèmin va fin manje tout.


M'ap pini tout moun k'ap fè sèvis tankou lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m'ap pini tout moun k'ap vòlò, k'ap fè gwo ponyèt sou moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo vòlè.


Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki pale.


Y'ap voye tou sa nou genyen ki fèt ak lajan jete. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt ak lò. Paske jou sa a, ni lò, ni lajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje vant plen. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.


M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pèsonn ladan yo.


Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.


Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.


Tankou yon lyon ki sòti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap ven devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.


Lè sa a, mwen di: — Senyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: — Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.


Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.


Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.


Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.


M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite