Sofoni 1:101998 HaïtienneSe mwen menm Senyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo. Gade chapit la |
Se konsa, Ilkija ansanm ak lòt mesye wa a te chwazi yo al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fenk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a te madanm yon nonm yo te rele Chaloum, pitit Tokeyat, pitit pitit Asra a, ki te reskonsab rad yo sèvi nan Tanp lan. Yo esplike Oulda tou sa ki rive.