Referans Kwoze

- Piblisite -



Sofoni 1:1

1998 Haïtienne

Men mesaj Senyè a te bay Sofoni sou reny Jozyas, pitit Amon, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.

Gade chapit la Kopi

12 Referans Kwoze  

Lè Senyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.


Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou, nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa jouk jou a parèt nèt, jouk zetwal bajou kase leve nan kè nou.


Men mesaj Senyè a te bay Oze, pitit Beri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, Jewoboram te wa nan peyi Izrayèl.


Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Senyè a pale avè l. Li santi pouvwa Senyè a sou li.


— Depi trèzyèm lanne reny wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Senyè a ap pale avè m, venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m.


Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat.


Lè Manase mouri, yo antere l nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.


Lè Manase mouri, yo antere l nan jaden palè a. Se Amon, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.


Paske men mesay Senyè a bay sou Chaloum, pitit Jozyas, ki te vin wa peyi Jida nan plas papa l: Li pati kite isit la, li p'ap janm tounen.


Lè Amon mouri, yo antere l nan kavo fanmi an, nan jaden Ouza a. Lèfini, se Jozyas, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.





Swiv nou:

Piblisite


Piblisite