Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 131 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Yon chan pou monte vè tanp lan.

1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.

2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen. Menm jan ke yon pitit poze sou manman l, anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.

3 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a depi koulye a e jis rive pou tout tan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite