Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Estè 10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò Wa Assuérus te enpoze yon taks sou peyi a avèk peyi kot lanmè yo.

2 Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo?

3 Paske Mardochée, Jwif la, te sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite