Sòm 54 - 1998 HaïtienneSÒM 54 (53) Lapriyè pou mande sekou (2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. 1 (3) Bondye, delivre m non avèk pouvwa ou! Fè m jistis avèk fòs kouray ou! 2 (4) Bondye, koute m non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap sòti nan bouch mwen! 3 (5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m, yon bann mechan ki sòti pou touye m! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 4 (6) Men, Bondye ap vin ede m. Senyè a ap pran defans mwen. 5 (7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li. 6 (8) Senyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen. 7 (9) Ou delivre m anba tray mwen te ye a; ou fè m wè lènmi m yo pèdi batay la. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society