Sòm 3 - 1998 HaïtienneSÒM 3 Konfyans nan Bondye (1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. 1 (2) Senyè, ala anpil lènmi m yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m yo anpil! 2 (3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l! 3 (4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo. 4 (5) Mwen rele Senyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. 5 (6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen. 6 (7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m toupatou. 7 (8) Leve non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo. 8 (9) Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society