Bib sou entènèt

- Piblisite -

Sòm 129 - 1998 Haïtienne


SÒM 129 (128) Wont pou lènmi pèp Izrayèl la
(1a) Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1 (1b) Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

2 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pat janm rive mete pye sou kou nou.

3 Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

4 Men, Senyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

5 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.

6 Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.

7 Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

8 Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: — Se pou Senyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Senyè a!

Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

Haitian Bible Society
Swiv nou:



Piblisite