Malachi 4 - 1998 HaïtienneJou Senyè a pa lwen rive 1 Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Senyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras. 2 Men, pou moun k'ap sèvi m yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann. 3 Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m aji a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 4 Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la. 5 Jou m lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli. 6 Li gen pou li fè papa ak pitit rebyen ankò. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society