Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Tit 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo,

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo,

Gade chapit la



Tit 2:4
5 Referans Kwoze  

Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye.


Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


Medam ki granmoun yo, pale ak yo menm jan ak manman w. Medam ki pi jèn yo, trete yo menm jan ak sè w, ak yon kè ki pwòp.


Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen.


Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.