Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.
Tit 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon. 1998 Haïtienne Se pou l kenbe mesay verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo. |
Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.
Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l.
Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w.
Lalwa fèt pou moun k ap fè peche seksyèl, pou gason k ap fè sèks ak lòt gason osinon, pou moun k ap vann moun pou fè esklav. Li fèt pou moun k ap bay manti, moun k ap fè fo sèman pou twonpe moun, ak tout lòt moun ki kont vrè ansèyman Bondye yo.
Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo.
Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj.
Gen moun k ap anseye bagay ki pa bon. Yo pa swiv ansèyman Jezikris, Senyè nou an te bay, ni ansèyman sou kijan nou dwe fè Bondye plezi.
Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris.
Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo.
Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a.
Ou menm, se pou w kontinye swiv ansèyman ou te resevwa a. Ou konnen se li ki bon, paske ou konnen ou kapab fè moun ki te anseye w yo a konfyans.
Paske, gen yon jou k ap vini, moun yo p ap vle tande yon ansèyman ki dwat. Men yo pral swiv moun k ap anseye bagay ki fè yo plezi. Yo pral fè apèl ak moun k ap di sa yo ta renmen tande.
Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan.
Men pou ou menm, Tit, ou dwe bay yon ansèyman ki ede moun vin gen yon bon sante espirityèl.
Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout.
Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.